city_hall

Official websites use .boston.gov

A .boston.gov website belongs to an official government organization in the City of Boston.

lock

Secure .gov websites use HTTPS

A lock or https:// means you've safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Mizajou sou Maladi Kowonaviris (COVID-19)

Maladi Kowonaviris 2019 oswa COVID-19 (ke yo te konn rele Nouvo Kowonaviris 2019 oswa 2019-nCoV) se yon nouvo viris respiratwa.

Dènye Mizopwen

  • Apati 15 Janvye, 2022, pou adrese ka COVID-19 ki ap ogmante yo e ankouraje vaksinasyon, moun pral oblije montre prèv vaksinasyon kont COVID-19 pou yo kapab antre nan sèten espas ki andedan Boston. Moun ki ap travay nan lokal sa yo pral oblije resevwa vaksen yo tou.
  • Plan Senk Pwen Boston an pou Varyan Delta a mete prevansyon nan sant repons COVID-19 nou an, ki gen ladan yon manda mask pou anviwònman piblik andedan kay la kòmanse nan 8:00 a.m. jou 27 Dawout 2021.
  • Tanpri pran #VaksenCOVID19 la, Boston! Jèn ki gen 12 an oswa plis nan Eta Massachusetts kalifye kounye a pou vaksen Pfizer a, e tout moun ki gen 18 an ou plis ka resevwa nenpòt vaksen. Sit vaksinasyon nan Boston: boston.gov/covid19-vaccine. Enfòmasyon sou vaksen Eta a: mass.gov/covid-19-vaccine
  • Lendi 17 Me, Majistra Kim Janey anonse Vil Boston pral swiv plan Eta Massachusetts pou relouvri Eta a. Tout restriksyon COVID-19 pral leve apati 29 Me. Pandan nan swiv konsèy CDC yo, lòd leta te bay pou kouvri vizaj pral anile apati 29 Me. Gouvènè Baker ap tou mete fen ak Eta Ijans lan jou k ap 15 Jen. boston.gov/reopening
  • Fon Relèv pou Peye Lwaye Lavil Boston an ogmante èd finansyè ki disponib pou rezidan ki te afekte pa pandemi COVID-19 la. Sa a ap gen ladan'l sipò pou pèman lwaye, bòdwo sèvis piblik (entènèt tou), e pou moun ki kalifye, asistans ak sèten depans pou demenajman rezidansyèl andan Vil Boston. Pou plis enfòmasyon sou kalifikasyon, tanpri rele 617-635-4200 oswa vizite: boston.gov/rental-relief. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou resous prevansyon degèpisman nan sit sa a: boston.gov/eviction-questions
  • Last updated:
  • Anrejistre pou ka resevwa mizajou nan mesaj tèks

    Tèks "BOSKreyol" bay 888-777 pou ka resevwa nouvèl infòmasyon chak jou sou koronaviris(COVID-19) nan Boston.

  • Please note:

    This page has been translated from English to Haitian Creole. For information related to the coronavirus (COVID-19) in English, please visit our website.

  • MESAJ ODYO

    SENTÒM

    Yo rapòte ke moun ki genyen COVID-19 genyen maladi respiratwa ki modere oswa grav ak sentòm fyèv, tous, respirasyon kout ak difikilte pou respire. Nan sitiyasyon grav, li ka lakoz bwonchit, nemoni, sendwòm respirasyon grav, defayans renal e menm lamò. Sentòm COVID-19 gendwa sanble ak pa grip yo.

    Sentòm yo gendwa parèt ant de ak 14 jou. Moun ka transmèt maladi a pi fasil lè yo gen sentòm (tankou-grip) epi y ap touse, estène ki kapab pwodui ti goutlèt (ki ka transfere maladi a).

    Si w panse w te enfekte rele yon medsen avan w deplase ale nan etablisman swen sante.

    PRATIKE DISTANS SOSYAL

    Nan moman sa a n ap mande tout rezidan pou pratike distans sosyal:

    • Rete anviwon sis pye distans parapò ak lòt moun.
    • Evite foul ak ankenn rasanbleman.
    • Pratike bon lijyèn: kontinye lave men w - pou ven (20) segond chak fwa, sèvi ak dezenfektan pou men, kouvri bouch ak yon sèvyèt oswa anndan koud bra w’ lè w ap touse oswa estène, epi rete lakay ou si w malad.

    Genyen moun ki an pi gwo risk maladi grav si yo kontrakte viris sa a. Pami endividi gwo risk yo genyen:

    • Granmoun aje
    • nenpòt moun ki genyen maladi tankou, si ou fè kè oswa maladi poumon oswa dyabèt
    • nenpòt moun ki genyen sistèm iminitè fèb, ak
    • fanm ansent.

    Tanpri limite kontak ou ak moun ki sa yo ki anba gwo risk pou COVID-19. Si w ap viv ak yon moun ki anba gwo risk, pratike distans sosyal. Nou tout genyen responsablite pèsonèl pou pran swen tèt nou ak lòt moun, pou pwoteje tèt nou ak moun nou renmen yo.

    REPONS VIL BOSTON

    Depi janvye, Komisyon Sante Piblik Boston (Boston Public Health Commission, “BPHC”) ak Boston EMS te fè anpil avanse nan preparasyon kont yon epidemi potansyèl COVID-19.

    BPHC ak Boston EMS antrene pou reponn ak maladi kontajye. Nan jou ki sot pase yo, nou te rive kanpe, dirije gwo kanpay sansibilizasyon, swivi ak repons kont grip SARS, MERS ak H1N1. Nou pral fè menm bagay la kont COVID-19.

    Nou gen konfyans ke Vil Boston pral pare pou yon repons efikas ak san danje ofiramezi sitiyasyon an ap devlope.

    REPONS ETA A AK REPONS FEDERAL

    Eta Massachusetts ap mete enfòmasyon ajou sou ka COVID-19 yo ansanm ak rezidan ki nan karantèn nan Massacusetts yo. Vizite paj wèb MDPH sou COVID-19 pou enfòmasyon sou karantèn ak swivi nan ‘Commonwealth’ (Massachusetts) la. Sant pou Kontwòl Maladi ap fè swivi sou ka konfime yo nan tout Etazini.

    Pou dènye enfòmasyon sou ka yo jwenn yo, vizite sitwèb CDC sou COVID-19.

    • Last updated:
  • Anrejistre pou ka resevwa mizajou nan mesaj tèks

    Tèks "BOSKreyol" bay 888-777 pou ka resevwa nouvèl infòmasyon chak jou sou koronaviris(COVID-19) nan Boston.

  • Please note:

    This page has been translated from English to Haitian Creole. For information related to the coronavirus (COVID-19) in English, please visit our website.

  • Back to top